Nan tan women yo, moun te konn sèvi ak pipi pou blanchi dan yo.

Nan tan women yo, moun te konn sèvi ak pipi pou blanchi dan yo.

Sous: Quora
Otè: Jakub Jasinski

Konpilasyon ak tradiksyon kreyòl : Inisyativ Kreyòl - Gwoup ech@nj Privilèges
👍 Bigòp nou sou ech@nj


Bwose dan nan tan women an se te yon pati  enseparab nan ijyèn pèsonèl.  Sepandan, moun jodi a pa ka sèvi ak sibstans ke Women yo te itilize.  Pou egzanp, yo te kwè ke engredyan ki di nan animal te ka pèmèt dan yo kenbe fòs yo - pou sa, yo te melanje zo yo ak kokiy zuit pou fè pat pou dan.

Women yo te itilize tou chabon an poud ak ekòs pye bwa pou elimine sant dezagreyab ki soti nan bouch la.  Kèk lan yo te itilize sann yo jwenn nan boule sourit, bèt nan bwa, oswa tèt lapen.  Yo te itilize rès kòn bèf, pye kabrit ak kokiy ze melanje ak wòch pons tou.  Women yo te rense bouch yo tou ak san tòti twa fwa pa ane pou anpeche yo gen mal dan.

Women yo te itilize pipi tou pou blanchi dan yo.  Powèt women Catullus pale de sa.  Pipi gen amonyak, ki aktyèlman gen menm  pwopriyete  ak klowòks.

Nan ansyen lavil Wòm, akòz gwo demann sosyal pou swen dantè ak pwofi ki asosye ak yo, se pa sèlman doktè ki te rale dan.  Gen kèk teknisyen, ki te konn prepare pwotèz sèlman, ki te vin kòmanse rale dan dirèkteman nan lari, sa ki te yon soulajman pou sa ki pi pòv yo.

Pou ou ka li plis sou koze sa: Bwose dan ou nan tan Women se te yon woutin " IMPERIUM ROMANUM

Dokimantè videyo sou sijè a:






_______________________

Konpilasyon ak tradiksyon kreyòl : Inisyativ Kreyòl - Gwoup ech@nj Privilèges

Ou apresye pataje konesans sa'a?
👍 Bigòp nou sou ech@nj


Commentaires

Articles les plus consultés