Opinyon: Koala, bèt ki pi sòt nan mond lan.

 Sous: Quora

Otè: Rachel Racoon

Konpilasyon ak tradiksyon kreyòl : Inisyativ Kreyòl - Gwoup ech@nj Privilèges
👍 Bigòp nou sou ech@nj

Opinyon: Koala, bèt ki pi sòt nan mond lan.




Yo manje sèlman fèy eucalyptus.  Sepandan, si ou mete yon bòl plen devan yo, yo p'ap konprann, yo p'ap manje e yap mouri grangou.  Yo pa konnen ki jan pou rekonèt fèy yo si yo pa pandye sou branch yo.


Nan fèy eucalyptus pa gen anpil eleman nitritif pou yo rete nan bon fòm. Konsa,  koala a dwe dòmi 20 a 22 èdtan pa jou.  (Mwen menm mwen te wè yon koala tonbe nan dòmi pandan  lap manje).  Li gen yon esperans lavi de 16 ane, koala a pase yon mwayèn de 12 a 13 ane dòmi.

Lè lapli tonbe yo pa panse pou yo pwoteje tèt yo e rete mouye anba'l.

Malgre tèt yo gwo anpil, sèvo koala a pa pi gwo pase yon zanmann.  Li okipe sèlman 61% nan zo bwa tèt li e  sifas li  lis kouwè yon fèy papye.

Commentaires

Articles les plus consultés